Komisè gouvènman pakè FòLibète a voye pinga bay mèt depo gaz yo

170
0
Share:
TRiboLAND

09-02-2022

Fòlibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Komisè Gouvènman nan Pakè Fòlibète a, mèt Eno Zéphirin nan lagè ak mèt depo gaz yo epi li bay lòd pou arete menm trafikan sispèk.

 Nan yon entèvyou li akòde ak laprès jounen vandredi 2 septanm 2022 a nan biwo l, komisè gouvènman bay lapolis lòd pou arete tout moun kap sere gaz. Li mande lapolis pou l chèche jwenn depo ilegal yo e pran mezi kont pwopriyetè sa yo. Dapré komisè a, lavant ilegal pwodwi petwòl yo se youn nan faktè ki dèyè monte pri pwodwi premyè nesesite yo sou mache a.

Komisè gouvènman an, nan kapasite li ki se garanti lòd piblik, mande tout inite Polis Nasyonal Dayiti ki anba jiridiksyon depatman Nòdès la pou chèche e idantifye ak trase tout depo ilegal yo. Li presize, kenpòt moun ki enplike nan yon parèy aktivite ap gen pouf è fas kare ak gro tonton sanksyon.

Nap rapl,e konsèy siperyè pouvwa jidisyè a (CSPJ) te mande jij titilè yo ak jij sipleyan yo pou aji nan devwa yo kòm ofisye lapolis jidisyé yon fason pou anpeche espekilasyon sou pwodwi petwòlye nan peyi a.Yon galon gazolin vann jiska 1,200 goud nan mache nwa a.

Jn Simon Manex

Share:

Leave a reply