FOPENDANO: Rapò fòmasyon jedi 27 dawout 2020 an

336

09\01\2020

Fédération des organisations Paysans pour le Développement Agricole du Nord ‘Ouest

FOPENDANO

Tel (509) 3316-4777

Email : fopendano@gmail.com

Rapò fòmasyon kite fèt jedi 27 dawout 2020

Jou kite jedi 27 dawout 2020 an  federasyon an te reyni nan ansyen lokal Alyans Fransè la e plizyè asosyasyon kite fèt deplasman soti nan 10 komin nan pou te bwase lise lide sou tèm sa «  La necessite de doter le pays d’une nouvelle constitution avant les elections ». Aprè anpil deba kite fèt nan diskou entèvenan an e plizyè moun te poze entèvenan an nou jige nesesè pou nou soti ak kelke kesyon kote patisipan yo te travay sou kesyon sa yo :

1 – Kisa yon konstitisyon ye ?

Yon konstitisyon se manman lwa peyi a ki di kòman peyi a dwe fonksyone e kijan sosyete a fonksyone.

2 – Ki enpòtans yon konstitisyon nan yon peyi ?

Konstitisyon an pèmet ke sosyete a fonksyone pli byen , li pèmet ke moun kap viv nan sosyete a respekte tout moun .

3 – Kisa nou repwoche de konstitisyon 1987 la

Konstitisyon an se lwa fondamantal yon peyi , se li ki defini kòman pou peyi a dirige  e fonksyone

4 – Ki repwòch nou jwenn nan konstitisyon 1987 la

  1. Twòp pouvwa nan men palmantè yo
  2. Malgre gagotaj fonksyonè leta  yo fè pa gen yon lwa ki pini yo
  3. Konstitisyon an pa di anyen sou gagotaj ONG yo
  4. Majorite ayisyen pa konnen sa ki andan kon stitisyon
  5. Konstitisyon pa bay dyaspora yo dwa pou yo poze poze kandida pou senatè, depite ,prezidan .

5 – Kòman nou konprann desantralizalisyon an

  • Desantralizasyon an se yon sèvis leta dwe bay tout moun kelswa kote yo ye

6 – Kòman konstitisyon tou nèf la ka ede nou rive nan yon desantralizasyon san fòs kote ?

  • Pou konstitisyon tou nèf sa ede nou rive nan yon desantralizasyon san fòs kote fòk nou vote bon jan lwa ki ale nan enterè mas pèp la .
  • Fòk la lwa aplike san fòs kote

7 – Kisa konstitisyon tou nèf la dwe pote nan ekilib pouvwa yo pou nou ka gen demokrasi tout bon ?

  1. Sa konstitisyon tout nèf la dwe pote pou nou nan ekilib pouvwa yo pou nou ka gen bon jan demokrasi tout bon an .
  2. Premyèman : Tou lè 3 pouvwa yo ta dwe endepandan sa vle di bon granmoun pou kò yo pa anba dominasyon youn lòt
  3. Egzekitif la dwe egzèse travay li jan sa dwe ye a , kontwole bòn mach enstitisyon yo
  4. Legislatif dwe la pou vote lwa e kite majistra yo , kazèk , azèk yo travay
  5. Pouvwa jidizyè a pou fè aplike lawa san pas pouki , e pou yon jij antre nan lajistis fòk li pase nan konkou .
  6. Paske gen twòp deriv andedan pouvwa jidisyè a e nou mande se CSPJ ki pou gen kontwòl tout moun kap mome nan lajistis yo.

Aprè tout patisipan te soti nan travay atelye yo nou jige pou nou pran kèk rekòmandasyon sou nouvèl konstitisyon peyi a :

  1. Fòk peyi gen yon konsey elektoral pènanan
  2. Premye minis lan dwe nan kanpay menm jan ak prezidan an
  3. Palmantè yo pa gen dwa pran wòl magistra ak Kazèk  yo
  4. Fòk majistra yo rete konekte ak Kazèk yo man seksyon yo
  5. Nap mande pou dwa moun yo respekte san pas pouki
  6. Fòk tout timoun ale lekòl sans peye yon goud
  7. Fòk gen konsey konstirisyonèl
  8. Fòk gen desantralizasyon nan tout peyi
  9. Fòk otonomi kolektivite tèritoryal yo rete nan komin yo
  10. Fòk gen yon lwa etabli wòl ONG nan peyi a
  11. Fòk yo anile tout avantaj palmantè yo ak prezidan an

Nou men 60 asosyasyon ki te reyni jou jedi kite 27 dawout a , nou mande pou nouvèl Konstitisyon sa dwe refèt e nou pa nan amandman menm se sak fèt nou di nou byen gade rekòmandasyon nou yo byen. E nou mande fòk dyaspora yo patisipe nan tout sa kap fèt pou rebati peyi a san fòs kote.

Comments are closed.