ACF ak MOPANOU lanse gwo pwojè rekonstriksyon peyi Dayiti nan depatman Nòdwès

437
0
Share:
TRiboLAND

BASEN BLE, Ayiti _____(TRiboLAND) Òganizasyon Aksyon Kont Grangou (ACF) ansanm ak MOPANOU lanse jodi vandredi 1e dawout 2025 la, nan komin Basen Ble, depatman Nòdwès yon pwojè istorik ki vize rekonstriksyon peyi Dayiti.

Seremoni lansman an te fèt nan yon lokal ke 2 antite yo deja achte, kote yo planifye mete yon lopital modèn pou kominote a. Plizyè dizèn moun, ladan yo lidè kominotè, jèn, ak otorite lokal, te reponn prezan pou lansman ofisyèl sa.

Dapre Pastè Ronus Thélusma, ki se sekretè pwojè a, inisyativ sa a fèt sou baz yon plan estratejik ki ap dire 50 ane, men premye faz la ap dewoule pandan 11 ane (2025-2036). Pwojè a ap finanse ak sipò Inyon Ewopeyèn.

“Nou pa kapab kontinye ap fè ti aksyon izole. Se tan pou nou reflechi sou devlopman reyèl ak estriktirèl,” se deklarasyon Pastè Thélusma ki mete aksan sou nesesite pou planifikasyon alontèm.

Pandan premye etap pwojè a, ACF ak MOPANOU prevwa plizyè entèvansyon estratejik tankou: Agrikilti, lojman, enfrastrikti, sante, edikasyon siperyè, pou-n site sa yo sèlman.

Share:

Leave a reply