Gad manje: yon strikti ekolojik ki ede’w ak manje òganik

283

(TRiboLAND) Anpil peyi ki pa gen tèt yo sou zepòl yo asèpte sakrifye prop prodwi lokal yo pou lòt prodwi enpòte. Sepandan, anpil fwa desizyon sa yo mete an danje sante popilasyon lokal yo. Anpil gwo endistri agwo-alimantè pouse kon djondjon atravè lemon. Yo tout pa sispan fè fòtin ak prodwi transjenèz tout kalite, ki pa respekte Protokòl Katajena sou prevansyon risk bioteknoloji. Konsa, se wè wap wè, konman sante moun nan yon seri peyi ap deteryore; anpil maladi ke moun pat janm konnen ap fè moun esplikasyon. Rezilta! Kansè tout kalite!

Itilizasyon yon semans ki fyab, ki pa orijinè de yon Organisme Génétique Modifié (OGM) kapab fasilite promosyon de yon “ekonomi vèt” ki kapab gen gwo enpak pozitiv nan kore ou promote yon sante solid nan yon sosyete. Konsa, “Gad Manje” se yon konsèp kreyòl ke minis anviwonnman Ayiti a systematize; li antre nan yon demach ekolojik ak anviwonnmantal ki promote “byen manje” atravè rekòl prodwi òganik nan lakou lakay ki pa gen oken efè nosif sou divèsite bioloji a.

Anpil moun te profite pandan peryòd konfiman pou pandemi Kovid-19 la fè yon seri eksplwa onivo “Gad Manje” ou “Agwikilti Familyàl”, kreyasyon yon ti jaden lakou lakay ki pèmèt yo rekòlte yon seri legim primè ke yo pa bezwen al achte nan mache. Moun sa yo ki trè avize de valè plant genyen e tout yon seri preskri naturèl, profite plante prodwi sezonyè ki pèmèt yo rekòlte bat je yon seri legim òganik ki pa transzejèn.

“Gad Manje” se yon konsèp ki pote lòt non nan anpil lòt kilti ki konprann valè entèaksyon ki ekziste ant moun ak nati a. Li dekoule sou mwayen pratik yon moun ka itilize pou genyen yon ti rezèv manje pa trò lwen lakou lakay ou. Prodwi tankou: mayi, kann, kokoye, rezen, grenadya, grenad, grenadin, papay, mango, korosòl, kawòt, leti, chou, zepina, berejènn, kalalou, zonyon, lay, tomat, zoranj, sitwon, chadèk, pwa kongo pou nou site sa yo sèlman, kapab eksplwate e ofri yon rantabilite enpresiv.

Kreye yon jaden lakou nan yon espas ki byen prepare, se pi gwo kado yon moun kapab ofri tèt li ak fanmiy li, sitou si li konsène de sa l’ap manje, de anviwonnman ke l’ap viv la, ak rapò li ak ekosistèm nan. TRiboLAND apiye tout inisyativ tankou (Foire ekolojik Lamontay la, nan Tigwav) ki vize sansibilize sosyete ayisyèn sou enpòtans yon “ekonomi vè” ak  konsomasyon prodwi òganik lokal.

Jacob Bendalham

Comments are closed.