Tramadol: yon grenn doulè teworis yo itilize ki trè danjere

0 416

Sen Domeng__(TRiboLAND) Yon dwòg ki rele Tramadol ke yo itilize pou doulè pa sispann fè pale de li nan Repiblik Dominikènn. Li genyen yon efè tèrib ki ka menm voye moun nan peyi san chapo. Ayisyen ki tonbe ap achte lòt bò fontyè panyòl pasi pala, dwe atantif nan medikaman san regilasyon ak sipèvizyon yap bwote anndan peyi Dayiti.

Ajans AP ki Ozend drese nan yon rapò move imaj sou medikaman Tramadol ki kontinye ap pwan ekstansyon li: otorite yo pa sispan sezi gwo tryòk ki chaje ra gagann ak tramadol; yon grenn ti moun piti te konn pwan alòske yo jwenn li nan pòch teworis yo.

Anpil moun te konpwann tramadol te pi ansekirite ke Oxycontine, Vicodie ak Fentanyl, ki koz anpil domaj. Koulya, Nasyon Zini klasifye dwòg sa yo kòm “kriz opiyòm dwòg,” yon epidemi ke Lapwès pa tèlman pale de li alòske peyi Etazini pwan gwo mezi kont Tramadol kap finn devaste anpil peyi ki vilnerab sou planèt la.

Otorite yo atravè lemonn deklare nan ane 2017 ke yo arive sezi yon kagezon tramadol ki evalye a $75 milyon pou Òganizasyon tèworis la ki rele Eta Islamik. Yo arive entèsepte tou 600,000 konpwime pou Boko Haram; e yo te jwenn yon lòt 3 milyon nan yon venn nan peyi Nijè, nan bwat ki te gen logo Nasyon Zini sou yo. Yo bagay ki te yon veritab desepsyon! Ajans AP rapouswiv ke itilizasyon tramadol la pa sispann ap destabilize rejyion an.

Antouka, pwodwi tramadol la ki se youn ki trè danjere nan tretman doulè ap bay gwo tèt chaje nan yon pakèt peyi afè pa bon. Se yon gwo danjere pou sekirite monn lan sitou lè li twò fasil pou dwòg sa tonbe anba men gwo òganizasyon teworis yo ki swaf pou fè krim.

Leave A Reply