Yon pon nan peyi End efondre e koze lanmò 140 moun

1,648

10-31-2022

Gujarat, End_____(TRiboLAND) Plizyè douzèn moun mouri tèt nèg aprè ke yon pon afil kab ki te genyen sou li plizyè santèn moun efondre nan yon rivyè nan peyi End, daprè ofisyèl yo.

Pon an tonbe nan dimanch swa sou rivyè Machchu nan zòn wès, nan Eta Gujarat nan peyi End. Genyen yon vale 140 oun ki mouri, e otorite yo pè pou chif yo pa moute balkon.

Plizyè moun arive blese e antòtye anba pon an aprè dram nan ki bay otorite yo enpresyon ke kontaj kapab ogmante.

Pon an efondre nan zòn Mòbi, ki lokalize a 125 kilomèt kapital Eta Wès Ahmedabad. Sa genyen 4 jou depi ke yo te reouvè li aprè yon seri travay inovasyon, paske li pat kapab sipòte volim pwa moun ki te sou li, daprè ofisyèl yo ki tap depose.

Premye Minis Narendra Modi tweet eke trajedi Mòdi a reyèlman tris. Anpil operasyon pote sekou ap manniganse, alòske asistans yo dsponib pou sa yo ki afekte.

Comments are closed.