Sèvis meteo prevwa jiska 3 jwiyè gro lapli ak loray sou tèt peyi Dayiti

372

Pòtopwens____(TRiboLAND) Daprè Unité Hydro-Météorologique d’Haiti (UHM), Ayiti dwe espere gwo tonton lapli ki asosye ak loray jiska 3 jwiyè 2020 an.

Depatman ki dwe mete bab yo alatranp se Grandans, Lwès, Sant, e Latibonit. Zònn sa yo espere pran gwo sakad lapli nan finisman aprè midi ak aswè malgre li gen pou l fè yon bon tan solèy nan maten kote ke tanperati minimal la ap ant 22 a 26 degre Sèlsius e yon tanperati maksimal ant 30 e 36 degre Sèlsius.

Dapwè responsab UHM yo, se prezans 2 zond tropical ki trouve yo nan lanmè Karaib la kap bay payèt e ki pral enfluyanse kondisyon meteolojik Grann Zantiy yo. Konsa, yo rekòmande itilizasyon konsiy sekirite yo ak anpil pridans bò kote popilasyon ayisyènn nan.

Comments are closed.