Parc Industriel Caracol: ROHAM akize S&H Global S.A pou move tretman kont travayè yo

409

Pòtopwens____(TRiboLAND) ROHAM ki se yon sendika kap feraye anndan S&H Global S.A fè sòti yon nòt protestasyon yè madi 30 jwen 2020 an, kote ke yon akize responsab konpayi sa ki plonje ragagann nan zak malonèt ak atak vèbal.

Konsa, responsab S&H Global S.A yo pat pran tan pou anonse demaraj yon envèstigasyon anndan konpayi sa yon fason pou pran yon seri mezi ki vize pou proteje dwa travayè yo.

Yon lòt bò, S&H Global S.A ki tabli kòl nan Parc Industriel de Caracol pwofite pou l di ke ROHAM pa geyen yon rekonesans ofisyèl kòm sendika akoz defisyans nan nivo atestasyon ke yo te soumèt yo.

Comments are closed.