Ogmantasyon pri gaz la kreye yon andikapp majè pou etidyan yo nan depatman nòdwès la.

1,085

08-29-2022
Pòdepè, Ayiti_____(TRiboLAND) Monte pri gaz la kreye gwo difikilte pou etidyan yo, espesyalman sa yo ki nan enstitisyon EZIN.

Selon kèk etidyan ki itilize motosiklèt ak machin , pri gaz la chè se vre men yo pa jwenn li. Yon lòt kote, pri transpò piblik la pase de 100 goud a 250goud pou Senlwidinò, Pòdepè. 100 goud a 1000 goud, pou Paskatabwa – Pòdepè. 1500 goud a 2000 goud pou Mòlsenkikola. 1500 goud a 2500 goud pou Jan Rabèl. 250 goud a 500 goud pou Basenble, pou site sa yo sèlman.

Pou anpil moun nan depatman an, si pa gen yon men leve ki fèi pou rezoud pwoblèm gaz la, sitiyasyon yo ap vin pi grav . Deja tout bezwen moun nan depatman sa repoze sou pitit rejyon an ki lòt bò dlo. Konsa, depi eskandal nèg ki gen gwo mwayen yo pou te fè zam ak minisyon debake sou waf Pòdepè an konplisite ak yon gwoup byen detèmine.

Popilasyon an nan Nòdwès peyi Dayiti, mande leta santral koupyon an eske se fen yo yap prepare pou yo ka gen tout richès peyi a anba grif yo.

Comments are closed.