Peyi Iran egzòte responsab ameriken yo pou sispann maltrete pwòp pèp li

341

Teheran____(TRiboLAND) Dapwè Ajans pwès iranyènn IRNA, gouvènman iranyen an kritike reaksyon administrasyon ak lapolis amerikènn anvè manifestan yo.

Jodi madi 2 jwen 2020 an, Alatèt pouvwa jidisyè, Hodjatoleslam Raeesi, arive menm deklare ke “dirijan ameriken yo ta dwe juje devan yon tribinal entènasyonal pou omisid volontè ak discriminasyon rasyàl.”

Yè Lendi a, responsab rapòtè gouvènman Iran an, Abbas Mousavi, li menm tou te “egzòte” Etazini pou l “sispann” opwesyon ak konpòtman agresif kont pèp li”. Avan sa, Donald Trump te toujou soutni pandan plizyè fwa manifestasyon kont gouvènman iranyen an.

Comments are closed.