Opozisyon modere a ap trese lèl pou vanse ak diskisyon kriz la avèk Jovenel Moise

0 424

Pòtopwens__(TRiboLAND) Divès aktè ki antòtye nan kriz politik peyi Dayiti a ap trese lèl pou vanse finalman diskisyon yo avèk pouvwa a ansanm ak lòt antite nan sosyete a, apwè ke yo te finn rankontre Madi ki te 17 Desanm 2019 la.

Reyinyon sa ki te dewoule nan Nonciature Apostolique la te solisite pwezans yon latriye dirijan pati ak regwoupman politik, kolektivite tèritoryal, Lapwezidans, ak divès repwezantan diferan òganizasyon ki fè pati manman vant sosyete sivil la. Diskisyon jounen 17 Desanm yo te pran chè avèk anpil konvyalite. Yo te aksantye sou yon pi bon konpweansyon ak deplwatonnaj kriz la kap bwase bil peyi a. Tout alevini ak deba yo te chita sou diferan jimnastik solusyon nan yon kad mutyèl e pasifik dapwè nòt ke yo te mete deyò.

Konsa, apwè rankont la, diferan patisipan yo te mete yo dakò pou kontinye rapouswiv avèk pawoli yo pou Mèkredi 18 Desanm 2019 la yon manyè pou jwenn yon pòt sòti nan kriz la. Me lis antite ou patisipan nan diskisyon yo:

Représentante de la Présidence, Renald Lubérice, Représentant de la Présidence, Rose Anne Auguste, Etats Généraux de la Nation , Charles Tardieu, Groupe d’Initiative de la Passerelle (GIP) – Joseph Domingue Orgella, Groupe d’initiative de la Passerelle (GIP) Eric Jean Baptiste, Secrétaire Général RDNP, Sénateur Joseph Lambert, Coordonnateur de Konbit Nasyonal (KONA) Paul Denis, Coordonnateur de INIFOS, Dejean Bélizaire, Président du Mouvement National Patriotique du 28 Novembre (MNe 28), Louis Gonzague Edner Day du PATRAYIL, Liné Balthazar, Président du PHTK, Rébécaline Ziky Décelmond, Représentante de FENAMH , Victor Benoit, Président du Bloc Démocratique Député Rolphe Papillon, Consortium, Rosemond Pradel, Mache Kontre Colombe Emilie Jessy Ménos.

Leave A Reply