Valyè/Dram: yon pyè loray touye 5 moun

547

Valyè, Fòlibète_____(TRiboLAND) Samdi ki te 30 me 2020, jou bese leve, vè 5 è nan apwè midi yon gwo dram ki bay dlo nan je te pwodwi nan komenn Valyè, espesyàlman nan 3 èm seksyon Gwos Wòch lokalite Chevalye kote ke 5 moun pami yo 4 minè chovi arive pèdi vi yo anba yon kout loray.

Moun ki tap miltipliye efò pou pote sekou apwè kout foud la, tap fè manèv pou wè kòman yo ta chape ti inosan yo; malerezman, yo pat arive jwenn chans sa. Se yon veritab “kri a rama”, divès moun te pote kole e yo pat ka kenbe dlo nan je yo sou kadav yo ki te blayi de pye devan atè a.

Jij Depè Limorin Saintcilien nan kèk ti tan apwè, te pwezante sou plas pou konsta legal kadav yo. Moun ki mouri yo rele: Renady Altidor (ti gason) 12 lane, Johnky Saladier (ti gason) 12 lane, Merline Choute (ti fi)15 lane, Renald Tanis (ti gason) 14 lane, e Anette Valcourt (Fanm) 42 lane.

Ke nanm viktim pyè loray sa yo repoze an pè!

Comments are closed.