Envitasyon ansyen senate Youri Latortue a okazyone 2 veyikil bwile devan biwo ULCC

317

Pòtoprens___(TRiboLAND) Envitasyon konparisyon pou kòripsyon ke ULCC te lanse a Lidè Ayiti An Aksyon (AAA), ansyen senatè Youri Latortue ak tout manman li ki se Marie Immacula Cantave susite gro deblozaj ak ensandi 2 veyikil devan biwo ULCC jodi jedi 13 out 2020 an nan Pòtoprens.

Selon enfòmasyon ki rive jwen TRiboLAND, 2 veyikil arive pran dife aprè ajan lapolis yo provoke ak gaz lakrimojèn yon foul moun tout kalite ki te mase devan Biwo ULCC a pou pote supò ak jarèt bay ansyen senate Latibonit la. Yo akize senate a kòm moun ki nan kòripsyon “pike kole” nan kad yon magogo lajan li te prete nan Office d’Assurance Vieillesse (ONA).

Tankou jan yon ekip militan politik te deja avèti lapolis ki toujou pran yon malen plezi pou kraze tout souf protestasyon trankil; e byen jodi a ankò, yo arive fè menm jwèt bosal la; atitid ke yo pan janm fè ak group gang yo lè yo pran lari. Konsa, bilan an: 2 machinn arive bwile anba kolè yon popilasyon ki  te senpleman ap eksprime foustrasyon li fas ak volonte Jovenel Moise ki detèmine pou pèsekite politisyen kap denonse’l kòm kòriptè.

Kidonk, malgre tansyon malmakak yo devan biwo ULCC a jodi a, Gran Toryan Unité de Lutte Contre Corruption yo te arive prosede ak entèwogatwa lidè AAA a kan menm.

Comments are closed.