Pewou anrejistre 5,772 nouvo kowonaviris an 24 èd tan

497

Lima____(TRiboLAND) Nan yon anons ke li mete deyò jodi Madi 26 me 2020 an, Ministè Sante peyi Pewou konfime 5,772 nouvo ka kovid-19 nan espas 24 èd tan pou yon total 130,000.

Konsa, tout peyi a deplore 159 nouvo mò ki vinn bay yon total 3,788, dapwè dènye bilan yo.

Koulya, kantite moun ki kontamine depase 5,000 pou pwemye fwa nan yon moman kote ke peyi Pewou ap trese lèl pou li arive touche nivo ki pi wo nan pandemi an. Dapwè otorite lokal yo, majorite maladi o plis konsantre nan kapital la, Lima ak nan pò maritim ki pote non Callao.

Peyi Pewou gen plis pase 70 jou depi li confine, avèk yon kouvwefe lanwit, kadnase tout fontyè ak anpil lòt mezi. Ekonomi an pwan anpil gwo pataswèl avèk yon pousantaj fonksyonnman kapasite pwodiktif ki estime a 44%. Nan entèval 2 mwa, yon pewouvyen sou kat twouve li 2 bwa balance.

Comments are closed.