Kowonaviris nan Senegal: etidyan yo kreye yon robo yon fason pou redwi risk kontaminasyon kovid-19 la

469

Dakar____(TRiboLAND) Etidyan Lekòl Superyè politeknik Dakar (Esp), Senegal envante “Doktè Car”, yon robo miltifonksyonèl ki fèt pou redwi risk kontaminasyon kovid-19 la kòmanse sou pasyan rive sou pèsonèl kap bay swen sante.

Dapwè konseptè yo, aparèy la ekipe ak yon kamera e yon sistèm telekòmand ki fèt atravè yon aplikasyon, li kapab sikile nan chanm malad ki an karantènn yo e pran tanperati, delivwe manje ak medikaman, etc…

Robo “Doktè Car” pale egalman plizyè lang tankou wolof, pulaar, fwansè ak anglè

Comments are closed.