Kontab an chèf FAES la jwenn arestasyon l pou kòripsyon

394

Pòtopwens___(TRiboLAND) Kontab an chèf Fond d’Assistance Economique et Sociale la (FAES), Hérold Nicolas pran minòt jodi Dimanch 17 Me 2020 an pou kòripsyon.

Hérold Nicolas

Sou lòd Konmisè gouvènman pwè tribinal sivil Pòtopwens la, Mèt Jacques Lafontant, Hérold jwenn arestasyon pou fwod, sufaktirasyon, grenn senk ak detounman twa chèk ki te dwe depoze sou non Direction Générale des Impots (DGI).

Ositou direktè DGI a te pran konesans zak malonèt la, li te kouri pote plent san pèdi tan devan pakè Pòtopwens ki li menm pat pran tan pou pwosede ak arestasyon Hérold Nicolas. Nap raple, akize a se egalman manm bawo Mibalè e li gen pou li parèt devan jij natirèl li madi kap 19 me 2020.

Comments are closed.