Komisyon Ewopwyènn nan deside sispann livwezon konbyen milyon màs chinwa

302

Briksèl_____(TRiboLAND) Apa yon seri apèl dòf regwoupe e ki pèmèt peyi Inyon Ewopeyènn yo achte materyèl nan tèt kole; 10 milyon màs FFP2 ki strikman fabwike pou pèsonèl sante, se kantite acha sa ke Komisyon Inyon Ewopeyènn te deside achte pou tèt li sèlman nan men Lachenn.

Yon pwemye lo yon milyon e demi màs te ekspedye nan apepwè 16 peyi Inyon an ak Wayòm Ini. Konsa, pandan yo tap resevwa yo, yo te remake ke genyen anòmali ladan yo.

“Nan kad achte màs, komisyon an te swiv fidèlman tout pwosedu kontwòl yo, dapwè Stefan de Keersmaecker ki se pòt-pawòl Komisyon Ewopeyènn nan. Konsa, osito màs yo rive, ou oblije verifye kalite yo, e se ekzakteman sa Polonè yo te fè tou”.

Peyi Ba fè menm konsta a menm jan ak Polònn e Komisyon an egzije kenz lòt peyi destinatè pou yo kontwole màs ke yo resevwa yo. Yo egalman sispann livwezon plis pase 8 milyon màs e demi; anplis yo pa ekate yon aksyon an jistis kont peyi konpayi kontrakte a.

Comments are closed.