Pwezidan Repiblik la, Jovenel Moïse pataje sa li swete pou nasyon ayisyènn nan pou nouvèl ane 2020 an

0 365

Me sa Pwesidan Moise swete:

“Tan limyè …

Nwèl, se moman pou lapè, rasanbleman ak espwa.

Rive nan tèt leta a, mwen gen responsablite pou m goumen pou rayiman, divizyon, eksplwatasyon ak ankouraje lespwa nan sosyete nou an.

Mwen swete ke nouvèl ane 2020 sa, se yon angajman pou kontinye batay san pwan souf sa nan kad emansipasyon mas yo nan efò pèrpetuèl nou yo pou remanbwe dinyite sitwayen nan pataje richès ke nou tout dwe gen aksè.

Nou tout, konpatriyot mwen renmen anpil yo, mwen eksprime espwa ke Lanmou Peyi sa a dwe pou nou yon bousòl pèmanan nan tout desizyon nou yo ak tout angajman nan pèspektiv pou yon Ayiti rich e ini.

Mwen envite chak moun, san distenksyon, pou limen yon gwo flanbo ki pou eklere chemen nasyon an ki plonje nan fènwa ak malkonprann depi kèk tan.

Sa yo se sa mwen swete nan okazyon fèt Nwèl 2019 ak nouvèl ane 2020 an.

Viv Ayiti! “

Leave A Reply