Jan Rabèl: kriz politik peyi-a deklentche kriz ekonomik ak alimantè dèyè –l

0 311

Jan Rabèl___(TRiboLAND) Jodi Samdi 26 Oktòb la, se te jou mache nan Jan Rabèl, nan Depatman Nòdwès. Repòtè TRiboLAND tap konstate ak de je nawè li lavi chè-a kap moute balkon nan Ba Nòwès peyi-a.

Konsome lokal ou pwodwi òganik se tout yon mirak ak tribilasyon li ye pou anpil sitwayen ayisyen. Kidonk, pou moun arive mete men nan bouch fòk yo genyen anpil lafwa nan le syèl. Kòmanse sou zoranj si rive sou yon gode diri se tout yon kochma!

Gwo laperèz ekonomik ak menas kriz alimantè deja ap fè santi-l nan tout bout kwen nan Depatman Nòdwès la, yon zònn ki te deja mepwize, vilnerab e abandone anba zye tout gouvènman ayisyen.

Leave A Reply