Gouvènman Ayisyen mande jistis pou fanm ak fiyèt fòs mentyen lapè Nasyon Tèt Kole yo abuze

0 337

Yon etid ki soti nan jounal Mentyen Lapè Entènasyonal mwa sa, yo revel eke se pa de ou twa fanm ak fiyèt fòs Nasyon Tèt Kole yo abuze ou eksplwate seksyèlman e lè yo fini yo mache pòs yo e abandone yon pakèt pitit yo dèyè.

Kidonk, Ayiti deklare ayè Jedi 19 Desanm nan ke li pwal mande pou Nasyon Tèt Kole yo pwan aksyon nesesè kont tout abuzè sa yo non sèlman ki finn fè krim nan, men tou ki ale e kite dèyè yon pakèt inosan debwa balanse san dedomajman.

Nan yon deklarasyon ke li voye bay Fondasyon Thomson Reuters, Minis Afè Lòt bò Dlo peyi Dayiti a, Bocchit Edmond relate ke abuzè yo dwe fè fas ak Lajistis pouk rim sa yo.

 “Djòb yon ajan depè se pwoteje kominote key o ap sèvi, se pa pou eksplwate ak abuze,” dapwè Edmond. Nap gen pou antame yon seri diskisyon avèk responsab Nasyon Tèt Kole yo, yon fason pou kapab jwenn repons ak vwa legal yo san pèdi tan yon mannyè pou viktim yo jwenn supò ak jistis ke yo tout merite.”

Leave A Reply