Manif masisi ak madivenn planifye pou mande demisyon Jovenel Moise demen Madi 5 Novanm lan.

199
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens__(TRiboLAND) Pandan anpil enstans nan sosyete Ayiti-a ap rele koukouwouj dèyè pouvwa Jovenel Moise, fwa sa se gwoup Kanpe (Kolektif Angaje Nasyonal Pou pwoteksyon Enterè Masisi – Madivenn) ki pa soti pou chita de bwa kwaze fas a peyi-a kap depeyize.

Antouka, mouvman LGBTI ki pa sispann fè fas ak anpil defisi rekonesans nan peyi Dayiti, deside demen Madi 5 Novanm 2019 la pwan beton an yon fason pou kontinye mande menm jan ak tout moun demisyon Jovenel Moise ak ratibwazaj sistèm rasi kap antre Ayiti nan lanfè, dapwè repwezantan òganizasyon mesye dam masisi yo: Mathieu Esdras Compère ak Stephania Justinia Saint-Louis.

Antouka plizyè ri nan kapital-la pwal anba kontwòl gason femèl ak fanm matcho akansyèl yo kap pwofite pote kole nan mande depa san kondisyon yon gouvènman enkonpetan ki endekse nan kòripsyon men tou ki fayi respekte dwa moun.

Dapwè pòtpawòl òganizasyon SISI yo, manif lan gen pou li demare ak 2 tèt marasa: youn ap dekole soup las Sen Pyè nan Petyonvil e lòt nan kafou renesans lan.

Share:

Leave a reply