Somali: Pwezidan Mohamed Abdullahi Mohamed livwe estati sitwayènnte Ameriken-l

0 304

Mogadisio, Somali__Nan yon tweet ke li te fè jedi pase Pwezidan Somali-a Mohamed Abdullahi Mohamed anonse ke li livwe estate sitwayènnte ameriken li avèk pwòp konviksyon li. Selon Associated Press (AP), anpil moun wè desisyon sa kòm yon strateji pou jwenn sipò popilè pou yon evantyèl dezyèm manda kòm jeneral an chèl peyi Somali. Se yon demach ki te angaje avoka li osito ke li te finn eli sa gen 2 zan, aloske pwosedwi-a fini koulya, deklare Msye Mohamed Abdullahi Mohamed nan tweet la.

Manman Lwa peyi Somali-a rekonèt duo-sitwayènnte; sa vle di ou kapab genyen 2 sitwayènnte alafwa. Mohamed antre Etazini nan lane 1985 e nan tan li te pase nan peyi-a li te jwi pòs ofisyèl nan depatman transpòtasyon nan New York zònn Buffalo. Konsa, Mohamed Abdullahi Mohamed ki pami yon pakèt lòt ofisyèl ki genyen duo sitwayènnte te jwenn anpil kritik bò kote kèk peyi nan Kontinan Afwiken sou delwayal yo fas a pwòp peyi yo.

Mohamed te eli kòm pwezidan an Fevwiye 2017; ki donk sa fè 2 lane depwi ke l ap dirije peyi Somali anba anpil konfli socio-politik san parèy; li espere parèt tèt li nan pwochen eleksyon pwezidansyèl yo nan 2021.

Leave A Reply