Reyalizasyon dezyèm konferans deba Mouvement Mutation Haiti (MMH) avèk Istoryen Michel Soukar.

1,163

07-10-2022

Sou inisyativ “Mouvement Mutation Haïti” (MMH), ekriven istoryen Michel Soukar ki pase de prezantasyon, reyalize dezyèm konferans deba li nan sant kiltirel Marie Louise Coidavid Wanament la jounen samdi 9 jiyè 2022 a. Ekriven an te tou pwofite fè vant siyati liv li a ki rele : “Radiographie de la Bourgeoisie Haïtienne, un nouveau rôle pour les élites Haïtiennes au 21ème Siècles”

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Se nan prezans plizyè jèn gason ak fanm, yon konferans dewoule nan sant vil Wanament samdi 9 jiyè 2022 a anba lobedyans istoryen Michel Soukar. Li te mete aksan sou boujwazi peyi Dayiti a ki pa sousye de oken atachman pou ede peyi a avanse, pandan l montre tout endis ki fè l di boujwazi peyi a pa anfavè pèp la vre, se akoz pòch yo sèlman yap plen; sitou lè l konsidere fenomèn ensekirite a ak zak kidnaping nan kap ogmante prèske chak jou papa Bondye mete epi pa janm gen yon pitit ou byen fanmiy yonn nan boujwa yo ki viktim.

Nan moman Ekriven an tap prezante yon tablo tris de boujwazi peyi a, li tou pwofite mande jenès ayisyèn nan pou òganize yo yon fason pou yo pran pouvwa a, san sa yo pap janm pa andire tout koulè soufrans ak kalamite.

Bò kote pa kòdonatè MMH la Mèt Evens Fils, li remèsye tout sitwayen kite vin pote kole nan yon parèy konferans deba a. Avoka a fè konnen se pa dènye aktivite MMH ap òganize e “Mouvement Mutation Haïti” a antre nan demach reyalize konferans deba sa yo se pou plis sitwayen nan depatman Nòdès la pran responsablite yo, yon fason pou yo sispann plenyen, men pou yo aji an bon sitwayen responsab.


Nimewo 1 MMH la deklare : “Klas Boujwazi nan peyi a reprezante yon andikap pou devlòpman peyi a.” Evens Fils ankouraje boujwa yo nan peyi a pou yo chanje fizi yo zepòl; sipann defann enterè pèsonèl yo, men pito defann enterè kolektif la.

Batonye lòd avoka yo nan Fòlibète, Evens Fils tou pwofite anonse vant siyati dezyèm liv li a ki rele ” CONCORDANCE DU DROIT HAITIEN.

Jn Simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.