Kapital Irak la bloke alòske vag pwotestasyon yo ap kontinye fè resèt

3 Novanm 2019
Bagda__(TRiboLAND) Menm jan ak Ayiti, Irakyen yo pa sispann pwoteste pou fòse responsab yo debarase peyi-a ak kòripsyon kap taye banda nan enstitisyon leta yo ki pa reponn ak egzijans popilasyon an.
Depi pwemye Oktòb 2019, pwotestasyon masiv pa sispann miltipliye dezobeyisans sivil, paralyze vi kotidyen an nan barikade avèk tout kalite bagay trafik pwèske jan sa fèt jounen jodi-a nan fòma peyi lock Ayiti a, tè Desalenn nan.
Pwotestasyon Bagdad yo ki pase anba pye yon kouvrefe ke dirijan yo te entwodwi nan finisman mwa Oktòb la, gentan okazyone plis pase 250 moun jwenn lanmò yo nan konfwontasyon ak fòs sekirite yo.

Jodi Dimanch 3 Novanm la, mouvman pwotestasyon paralyze plizyè wout sentral nan kapital la, elèv kanpe tout aktivite nan lekòl yo, enstitisyon leta yo konplètman fèmen nan pwemye jou semènn nasyon mizilman an. Plas Tahrir Square ki se episant pwotestasyon te tankou yon nich fwoumi alòske barikad pye bwa tout kalite melanje ak vye mèb, kawoutchou machenn kap bwile divès kote, se tout yon kopi de tout sa kap pase nan peyi Dayiti.

Selon enfòmasyon yo, menm kad figi-a tou te remake nan divès vil pwovens yo, kote ke sèvis transpò a yo te totalman paralize.
Vag pwotestasyon yo pa sispann miltipliye malgre entèvansyon Pwezidan Barham Saleh kit e pwomèt demisyon Pwemye Minis Adel Abdul Mahdi si tout fwa tout pati politik yo kapab arive mete dakò sou ranplasman li.
Fòk moun sonje ke, Mesye Abdul Mahdi ki se yon veteran politisyen islamik Shiya ki genyen yon ekspètizm nan ekonomi te pwomèt refòm depi yon lane pase, ki jounen jodi-a ki pa materiyalize.






