Anpil ayisyen sispèk sou misyon bato lopital ameriken yo, alòske gouvènman Jovenel Moise la pa sispann fè limyè

0 581

Pòtopwens___(TRiboLAND) SEMANAH ki se Sèvis Maritim ak Navigasyon Dayiti oblije fè sòti yon nòt bay piblik la yon fason pou elimine tout nyaj ki antoure pwezans twa gwo bato lopital ki anwo dlo sale peyi Dayiti nan yon kontèks politik kote ke gouvènman Jovenel Moise la pèdi tout kredibilite li devan yon pèp ki pa sispann mande demisyon’l.

Malgre kèk esplikasyon ki defini MISYON bato ameriken sa yo ki se : USNS COMFORT, USCGC KATHLEEN MOORE, AK USCGC MARGARET NORWELL, anpil moun yon ti jan pentad pentad sou nati misyon sa ; sitou se yon seri enfòmasyon ki soti anndan yon gouvènman ki ekspè nan bay manti. Lòt moun tou estime, depi ki lè gouvènman te sansib pou yon pèp ke li pasispan touye anba bal san bliye kondisyon sèvis medikal nan lopital yo ki pouse malad rete de pweferans mouri lakay yo.

Lòt moun kwè tout, fwa sa gouvènman dwe pare kou pou nenpòt ki vye entèpwetasyon sitou nan konteks politik aktyèl la, yon fason pou pa repete gwo vyolasyon ki te fèt nan dosye mèsenè ameriken yo ki jiska pwezan ki pa klè pou pèt ayisyen.

Antouka, selon tout nòt depwès yo, bato yo an misyon asistans medikal pou bay anpil moun ki malad jarèt an Ayiti, tankou sa gen tan fèt nan plizyè peyi nan Karaib la, dapwè plizyè kominike.

Leave A Reply