Gouvènman Bahamas la voye jete tout akizasyon move tretman lap bay Ayisyen yo

416
0
Share:
TRiboLAND

Naso__(TRiboLAND) Gouvènman Bahamas la voye jete tout alegasyon kòm kwa sitwayen ki pa natif natal peyi-a ap resevwa move tretman apwè dezas Ouwagan Dorian a.

Nan yon nòt Minis Afè Lòt Bò Dlo Bahamas la fè sòti, Administrasyon Hubert Minis la ap resevwa atak atravè yon latriye fo enfòmasyon kap fè laviwonn gede sou tout rezo sosyàl yo sou move tretman moun ki pa pitit Bahamas ap resevwa depi zak rati bwazaj Ouwagan Dorian yo ki te mete plat atè lil Abako ak Gran Bahamas.

Nòt Ministè Afè Lòt Bò Dlo-a rapouswiv poul di: “ke genyen yon videyo ki dekri vyolans kap montre Bahameyen kont Ayisyen. Videyo sa se yon fo fim ke li ye; e zak akizasyon sa pat jamè pase nan Bahamas”.

Selon nòt la, tout rezidan yo te evakye sou tout zònn ki te afekte yo e jwenn ebèjeman nan abwi pwovizwa ki byen pwoteje ak sekirize ke gouvènman an te dispoze san konte twa repa chak jou Bondye mete, swen medikal, relokalizasyon lekòl pou ti moun afekte yo ak asistans sosyàl.

Gouvènman vle yon lòt fwa ankò ke reyitere volonte li pou tout rezidan Abako ak Gran Bahamas yo ki afekte jwenn aksè asistans sosyàl kèlke swa orijinn yo, nasyonalite ak estati imigrasyon yo. Yon bon valè òganizasyon pwive ap delivwe sèvis”, dapwè sa gouvènman an deklare; anplis anpil lòt aksyon ki ale an konfòmite ak pweskri imanitè entènasyonal yo pa sispann miltipliye.

Share:

Leave a reply