Nòdwès: Basenble ap fè fas ak gwo difikilte akoz Lajistis avèk Lapolis ki pwèske pa egziste

158
0
Share:

 Lajistis ak Lapolis nan gwo difikilte pou yo sa bay popilasyon Basenble a ki gen ladan l pou pipiti 64 mil kretyen vivan sèvis! Tribinal la loje anndan yon bout konntenè! Manke jij pou rann popilasyon an jistis e sa konn lakoz gadavi a chaje ak enkilpe.

Kanta Lapolis, li pa gen materyèl woulan kote se yon grenn motosiklèt polisye yo nan komisarya Basenble a ki evalwe a 7 anviwon gen aladispozisyon yo pou yo sa fè arestasyon ki se yon risk selon 1e sitwayen komenn Basenble a msye Antony Manigat ki plede anfavè Lajistis ak Lapolis pou yo sa gen yon lòt pi bon trètman.

Daprè Antony Manigat li pa posib pou 2 enstitisyon sa yo ap fonksyonnen nan yon kondisyon parèy pandan lap adrese li dirèkteman ak responsab 2 enstitisyon sa yo yon mannyè pou yo sa mete bonjan mwayen aladispozisyon Lajistis ak Lapolis tankou konstriksyon yon tribinal modèn nan vil Basenble pou pèsonèl jistis la ak jistisyab yo santi yo alèz e answit bay polisye ki kantone nan komenn nan bonjan mwayen teknik e finansye pou yo sa rann popilasyon an sèvis san machwè gonfle.

Wiskis Saint Jean, Triboland

Credit photo: carlhocquart.photodeck.com

Share:

Leave a reply