IDH ak TAINO fè yon tèt kole pou bay endistri akwakilti-a jarèt an Ayiti

0 586

PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Òganizasyon “Sustainable Trade Initiative” (IDH) ki lokalize-l nan Holand deklare ayè Vandedi-a ke li nan pwosès pou-l travay avèk responsab Taino Aqua Ferme yo an Ayiti nan mete sou pye yon pwojè ekonomik developman entènasyonal ki pwal founi asistans durab yon fason pou ede konpayi akwakilti pwason tilapia-a nan sèvis jerans ak distwibisyon.

Jodi-a Ayiti 50% nan manje Ayiti soti nan lòt peyi, yon chif kite sèlman a 19% nan lane 1980. IDH mete avèk Taino espere chanje yon parèy siyasyon avèk bourad pou bay mouvman akwakilti-a bonjan grese sere ak jarèt. Endistri akwakilti-a egziste depi 1950 nan peyi Dayiti, li tap sipòte plis pase 4,000 lak pwason avan li vinn tonbe an defayans menm jan ak anpil lòt bagay nan peyi-a. Konsa, endistri-a te rekòmanse ap rale moute ankò nan ane 2006, dapwè IDH.

Taino Aqua Ferme se pi gwo akwakilti pwodiktè nan peyi Dayiti. Li elve pwason ki rele tilapia-a nan yon espas trè ouvè ki bakikade tou ron ak filè nan dlo sale Lak Azei, nan zònn Ès peyi Dayiti, selon IDH.

Leave A Reply