Ayiti ap òganize Chanpyona siklis Nasyon Karaib 2019 yo

0 388

Pòtopwens_ Ayiti gen pou resevwa 200 siklis kap soti nan 28 peyi nan kad chanpyona siklis pou nasyon Karaib yo dapwè pwezidan Federasyon Siklis peyi Dayiti-a, Msye Kenelt Leveillé. Atlèt patisipan yo ap gen pou angaje nan yon kous 120 kilomèt kap demare depi Monwi jiska Chandmas nan Pòtopwens.

Aktivite yo gen pou pwan chè 25 e 27 Oktòb 2019 kap vini la. Ayiti ap enpoze-l nan kous sa atravè patisipasyon 12 siklis ki deja ap efektye gwo antrènnman pou gwo chanpyona sa.

Sepandan, Msye Leveillé gen kè sere sou inaksyon ki genyen bò kote mouche Leta ki te pwomèt bourad finansyè pou planifikasyon lojistik yo sou baz akomode divès gwo delegasyon espòtif. Konsa, pwezidan federasyon siklis la fè apèl a bourad sèktè pwive-a pou yon alonj grese sere nan kad pweparasyon konpetisyon sila yo.

Leave A Reply