Polis Nasyonal la ap fè bwas pou retabli lapè nan Matisan

0 575

Pòtopwens__(TRiboLAND) Lapolis kontinye ap mennen gwo operasyon mache pwan nan zònn Sid kapital la yon fason pou pwan kontwòl Matisan ki enfekte avèk vyolans depi kèl tan.

Apwè ke PNH la te finn mete men sou 2 gwo chèf gang Dérilus, alias king Toto ak youn nan kòkòday li ki tap simen panic e paralyze trafik ki relye plizyè vil pwovens avèk kapital la, pòtpawòl adjwen Lapolis-la, Gary Derosiers fè eta de yon seri gwo oerasyon ki vize pou retabli lapè nan katye Matisan e netralize aktivite san fwa ni lwa yo ak sispann dap piyanp kamyon machandiz moun ak aktivite fiziyad.

Konsa pòtpawòl la konfime jodi Madi 6 Dawou 2019 la ke yo gen 42 moun yo deja entèpele ki soti nan diferan katye kote ke zak vyolans yo pa sispan fè san koule avèk kriye. Li reyitere volonte PNH la pou mete yon fwen nan seri vyolans san parèy yo. Inite tankou, BIM, Swat, BOID, UDMO, komisarya Pòtopwens melanje ak  lòt sou komisarya yo arive pwan kontwòl rejyonzak malonèt yo.

Antouka, yon lòt bò otorite yo anonse tou arestasyon 9 lòt manm anjandre nan gang Anel la. Batayè say o kit e pwan lyann pou yo te arive kaptire nan kad gwo envèstigasyon Dirèksyon Santral polis Jidisyè (DCPJ) ap efektye sou plizyè chèf gang pami yo, Noel Gelin.

credit photo: armyrecognition.com

Leave A Reply