Yon lòt fiziyad ankò nan Dayton, Ohio: 9 moun mouri e 16 lòt blese grav

0 322

Genyen yon minimòm nèf moun ki mouri ak sèz lòt ki blese nan yon lòt fiziyad ki fèt devanjou Dimanch maten an nan Dayton, Eta Ohio, selon lapolis. Sispèk la ki sanble tap aji pou kòl jwenn lanmò li tou nan sikonstans lan.

Dapwè sa Lyetnan Kolonèl Matter Carper deklare bay repòtè, fiziyad la fèt vè 1:00 a.m.; e 16 moun ki te blese yo te transpòte vit e pwese lopital, men kondisyon sante yo pako revele.

Yon pòtpawòl pou Lopital Miami Valley, se Terrea Little, konfimed NBC News ke lopital la te trete apepwè 16 viktims. Sepandan, repòtè avèk temwanyaj deskripsyon medya lokal yo bay NBC News soutni ke fiziyad la te fèt tou pwè yon bar ki rele Ned Peppers, ekzakteman nan mitan distrik la.

“Plizyè ofisye polis te nan blòk kote fiziyad la tap manniganse-a e se sa ki te pèmèt nou reponn pou ensidan an san pèdi tan”, selon sa Carper deklare. “Pou sa, nou reyèlman chanse”, rapouswiv Carper. “Se yon ensidan ki trè trajik. Nap fè tout sa nou kapab pou nou envèstige li e pwosede ak idantifikasyon motiv ki dèyè-l la”.

Pa gen oken polis ofisye ki blese. Sepandan, yo jwenn yon fizi kou long devan bar-a, menm kote ensidan te rive-a, dapwè Carper. Polis kontinye ap entèwoje temwen pou detèmine si te genyen lòt moun ki enplike nan fiziyad la.

“Pou moman sa, sanble se yon sèl moun ki te enplike”, deklare Carper, e ajoute ke se plizyè ofisye ki te desann anba bal asasen an. Konsa, FBI ki sou lye, ap fè bwas pou asiste nan envèstigasyon yo.

Fiziyad Dayton nan fèt kèk èd tan apwè 20 moun te mouri ak 26 lòt te gravman blese nan El Paso, Tekzas, kote ke yon jènn gason te ouvwi zam sou moun nan yon Walmart tou pwè yon mall ayè Samdi-a.

credit photo: today.online

Leave A Reply