Reprezantan Lig Pastè yo nan depatman Nòdwès peyi Dayiti fè konnen peyi a pa bezwen espere anyen ak Konsèy prezidansyèl 7 tèt la.

05 – 16 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Reprezantan lig pastè yo nan depatman Nòdwès peyi Dayiti, Rév. Pastè Jean Claude Thervil, deklare nan mikwo laprès jounen jedi 16 me 2024 la, ke peyi a pa bezwen atann anyen sou Konsèy prezidansyèl tranzisyon an.

Prezidan Lig Pastè yo bò kote pal, te tou pwofite manyen kesyon ekonimik peyi an, kote li fè konnen Konsèy prezidansyèl la pap vin rezoud zafè sa a, paske li pa wè nan yo ki sanble ak lidè ki renmen peyi a.
Pou Pastè Legliz Batis Betani an, lide Konsèy prezidansyèl 7 tèt la, se yon lide trayizon e yon inityativ anti pèp.






