Ki sa fa alèv ou mete-a vle di?

0 855

Fa alèv se youn nan makeup ki kapab esansyèlman chanje aparans ou. Ton koulè fa alèv ou mete chak jou avan ou kite lakay ou, genyen yon sinifikasyon e me ki sa yo vle di pou ou menm:

Wouj vif

Wouj se yon koulè bwav oubyen konfidan; lè ou mete yon bon wouj vif si ou bezwen pwojte yon detèminasyon, konfidans, fòs avèk oto-asirans. Wouj vif pwojte tou yon imaj bwavou, yon moun ki gen tèt li sou zepòl.

Wouj sansitiv

Wouj kalm se yon vèsyon lejè wouj vif. Li toujou enpètinant e li pwojte ke ou pwefere genyen yon atitid kalm, rezève e refize chèche atansyon.

Rose cho

“Koulè Barbie” sa trè vibwan. Lè ou aplike-l li kreye yon imaj ki bay yon sans avantirye. Ton rose cho-a denonse ke ou se yon pa pè chay e li demontre tou kote sovaj ou genyen bò kote ou. Wap viv nan spontaneyite ak avanti; emosyonèlman ou gen dwa deside fè yon voyaj san atann.

Toutouni / Nu

Ton toutouni se pa yon fa alèv ki vif; o kontrè li trè lejè e soup. Li degaje yon ton ki ekspwime kontwòl. Lè ou itilize-l, li pèmèt ou relache yon admirasyon pou bagay ki parèt natirèl. Li ede moun wè nan ou yon moun ki pa vle atansyon. Ou kapab parèt timid e sa kapab bay moun enpwesyon ke ou pa okazyonèlman renmen moun nouvo nan antouraj ou, poutan yo toujou gen admirasyon pou pèsonalite ou osito ou vinn trè ouvè avèk yo.

Grena/diven/bègendi/berejènn

Fa alèv koulè grena-a pwojte ke ou esansyèlman vle sedwi moun nan tout nivo. Li degaje atitid yon moun ki toujou sou anpwèsman lè lap chèche sa li vle. Ou pwan plezi anpil nan renmen ak nan relasyon.

Koulè inik

Koulè inik, se koulè sa yo ki ale de vèt jiska jonn, blan, ak ble. Ton sa yo ekspwime yon dimansyon kreyativite ki dezòganize. Lè ou itilize yon fa alèv ki koulè inik li ekspwime yon imajinasyon ki enpresyonan avèk yon atistik talan ki pwèske domine tout vi ou. Nan nenpòt sityasyon, ou pa pè ke lòt moun wè ou “diferan”, e ou chèche pa konfòme ou sou yon seri bagay tabou moun ap di e fè.

Nwa

Yon ton nwa pa fòseman vle di ou se yon move moun, men li montre ke ou genyen kèk tach nwa ki pa bon lakay ou. Lè ou aplike fa alèv sa, ou lèse moun konpwann ke ou genyen yon sans imè ki pa plezan. Ou estime ke tout koulè ki cho pwèske pa gen oken sans nan zye ou. Konsa, ou toujou pwè pou fè lòt moun konnen ke Nwa se mèyè koulè pwefere ou.

Kwen Bote, TRiboLAND

Leave A Reply