Nòt Pou la pwès sou sityasyon Peyi Dayiti

1,381

09-16-2022

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) FNOU ap ekspwime preyokipasyonl sou kokennchenn defèlman kote pèp ayisyen an pran beton an lap mande Lavi miyò,sa fè yon bon bout tan otorite konstitye yo fè lasoud zorèy.

Kòm estrikti sosyal ak politik, FNOU “FORCES NORD-OUEST UNI” bouke nan mande otorite yo ak sektè politik tankou prive ak sosyete sivil la pou fè yon mannyè pou satisfè revandikasyon yon pèp ki anba kout gawòt ideyal depi menm nan fondasyonl kòm nasyon

Se avèk anpil dezolasyon ak konstènasyon nap viv dènye evenman sa yo kote pèp la pa ka rete tann ankò ki fè li blije sèvi avèk vyolans pou fè mouche leta tandel; deja yo pa piti : Sa pwal gen gwo konsekans sou ekonomi peyi a ki fin toufe.Nanpwen lamanjay, sante, travay, lwazi ak edikasyon poun site sa yo sèlman.

Yon lòt fwa ankò FNOU pran nòt sou desizyon gouvènman an pran nan konsèy minis yo ki monte pwi gaz la, pwodui petwolye ki transvèsal pou tout konsomasyon popilasyon an.
Nap konstate menm jan ak tout moun desizyon saa leve plim sou do popilasyon an ki te deja sou bwennzeng li kap soufwi.

FNOU ap pwopoze mouche leta 2 bagay :

1) sou plan administratif

– Konstwi plizyè tèminal nan lòt depatman nan peyi a , e pran kontwòl mache petwolye a.

2 ) sou Plan Politik
– Aprè tout manifestasyon ralbòl pèp la ,gouvènman an dwe chita ak sosyete sivil la ak sosyete politik la pou degaje yon konsansis Ayisyano- ayisyen Pou monte yon gouvèneman tranzisyon ki dwe reponn ak sitiyasyon konjonktirèl difisil pèp la ap viv men tou kreye bon jan kondisyon poun retounen mete peyi a sou wout nòmalite konstitisyonèl epi kanpe tout enstitisyon yo poun kapab nome leta a nan benefis popilasyon an ak refè imaj peyi a sou sèn entènasyonal la.

FNOU ap raple tout moun : Ayiti pa pou yon group moun, li se pou tout ayisyen ak ayisyèn . Nou tout dwe patisipe ak kontribye nan tanmen bonè pou tout pitit peyi a.

Viv FNOU ak ALYE LI YO !
VIV NÒDWÈS !
VIV LALMA MATÈ, AYITI !

Faustin Paul Elie
Kowòdonatè

Comments are closed.