Si pitit ou pipi nan kabann, me kèk konsèy ki kapab ede-w fè fas ak pwoblèm nan

288
0
Share:
TRiboLAND

Anjeneral ‘Pipi nan Kabann” se yon bagay nòmal tout paran espere genyen sitou lè timoun nan gen laj anfantiyaj, men li trè kouran ke ou te ka imajine lakay jènn ki pi gran yo. Anpil etid montre li pi afekte 5% timoun ki nan laj nèf ane yo.

Ki lè ou ka konsène?

Anpil gwo savan pedyat ki gen anpil otorite nan domènn “pipi nan kabann” oubyen “enuresis noktinal” soutni ke timoun ki rive nan laj 5 ane trè souvan pa janm finn genyen yon blad pipi ki konplètman byen devlope, konsa, sa pa anòmal! Sepandan, lè yo depase laj 5 ane-a, gen dekwa pou ou konsène.  Li evidan ke vi sosyàl timoun toujou chanje lè yo genyen 6 oubyen 7 lane sitou lè yo envite al dòmi lakay lòt moun oubyen si yo nan yon sitiyasyon kote ke yap voyaje lanwit. Lè sa, antan ke paran, ou mèt mete nan tèt se yon gwo pwoblèm!

Ki kote ou kajwenn sipò

Doktè fanmiy lan kapab konnen ki kote ki bay sèvis pou pipi nan kabann. Gen klinik ki espesyalize nan pipi nan kabann.

Ki sa ou dwe fè avan?

Tcheke pou wè si timoun nan pa konstipe, sa kapab genyen pou wè avèk pipi nan kabann. Ekspè medikal estime yon tyè timoun soufwi ak konstipasyon. Si entesten an plen li kapab kreye anpil pwesyon sou blad pipi-a.

Nòmal routenn pou ale nan twalèt se ant 3 fwa nan yon jou jiska kat fwa nan yon semènn. Yon blad pipi ak yon entesten ki ansante kapab kanpe mouvman pipi nan kabann.

Eske se bwè twòp dlo ki koz pipi nan kabann?

Ekspè yo konsidere yon timoun dwe bwè 6-8 vè dlo chak jou selon gwosè li. Bwè dlo dwe modere yon fason pou blad pipi-a pa irite. Konsa, pabwè dlo inèd tan avan lè kabann kapab petèt ede anpil.

Eske sa timoun bwè kapab entansifye pipi nan kabann?

Gen evidans syantifik ki montre ke bwason tankou ji zoranj, kalbas dous ak jis flavorèd kapab stimile yon blad pipi ki deja twò aktif. Antouka, li ta saj pou mete yon fwen nan tout bwason sa yo. Dòdinè lè timoun fè dènye pipi yo avan yo ale dòmi, ankouraje yo konte jiska 30 yon fason pou yo kapab fè ansòt yo vide tout likid ki nan blad irinè-a nèt.

Pou ki sa yo pa leve fè pipi pandan lanwit?

Pafwa, lè ti moun nan fon somèy, yo pa reponn a yon seri sinyàl blad irinè yo voye nan sèvo yo pou yo kapab ale fè pipi. Yon solisyon pou sa, se mete yon ti revèy nan chanm ti moun nan ki kapab ede-l sonje pou–l leve fè pipi. Nan yon premye tan timoun nan pap reveye atan, men gradyèlman sa ap antrene li pou li leve e ale chak fwa sa nesesè!

Pou ki sa anpil nan nou pa ka pase yon nwit san irine

Nòmalman, nou tout pwodwi yon òmonn yo rele vasopwesenn. Lè nou dòmi, li pèmèt ren nou yo pwodwi mwens men plis pipi ki konsantre. Sepandan, lakay kèk lòt moun ki pipi nan kabann, òmonn sa pa travay.

Eske medikaman kapab ede?

Si genyen yon pwoblèm avèk òmonn vasopwesenn nan, timoun yo kapab pwan yon medikaman ki rele dismopwesenn, selon espesyalis ki nan domènn nan. Remèd sa diminye nan kantite pipi ke ren yo pwodwi yon fason pou blad irinè-a pa plen ra bouch.

Pou ki sa gen timoun lè yo sispann pipi yo rekòmanse pipi ankò?

Espesyalis yo detèmine ke sa petèt genyen pou wè avèk plizyè rezon: kite yon lekòl pou ale nan yon lòt lekòl, tirani bò kote kanmarad, e pafwa pwoblèm kap pase anndan fanmiy lan kapab responsab.

Ansyete oubyen strès kapab lakoz otè vasopwesenn yo desann yon fason pou pwodiksyon irinn nan pa diminye leswa. Oubyen timoun nan petèt tonbe nan vye abitid, tankou bwè kèk gazez avan yo kouche.

Antouka, yon timoun kap fè eksperyans enuresis noktinal 3 fwa nan yon semen li genyen yon stati lejèoubyen modere, si li pipi nan kabann 3 fwa jiska 6 fwa nan kabann nan yon semen li konsidere kòm yon moun ki pisè nan kabann. Nan anpil ka, si yo ap pipi nan kabann chak swa, gen anpil chans pou yo kontinye fè-l jiska adolesans si sa pa trete.

Si yon paran te abitye pipi nan kabann, gen 40% chans pou timoun nan eritye anòmali sa tou. Konsa tou, si timoun nan konnen ke paran-l te nan menm sitiyasyon sa, sa kapab ede timoun nan jere kondisyon an emosyonèlman pi byen.

TRiboLAND

Share:

Leave a reply