Lajistis: 2 komisè an eta disponiblite pou fasilite prizonye ki pa kalifye benyen nan gras prezidansyèl

290

Pòtopwens___(TRiboLAND) Komisè gouvènman Kwa dèboukè a, Mèt Maxime Augustin ansanm avèk komisè gouvènman Jeremi an, Mèt Bergemane Sylvain resevwa yè mèkredi a yon korespondans bò kote ministè jistis ak sekirite piblik ki voye yo an eta disponiblite san “salè” akoz enplikasyon yo nan fasilite prizonye ki pa kalifye jwenn gras prezidansyèl.

Konsa, komisè Augustin nan Kwa Dèboukè te deside libere Richard Harrisson Domond nan yon fason iregilyè; e komisè Jeremi a ki se Mèt Bergemane Sylvain tonbe anba menm desizyon an egalman nan fasilite Marie Claudette Présumé ak Azilhomme Milfranc benefisye gras prezidansyèl nan fason ki pa reponn ak kritè ou modalite legal yo, dapwè minis jistis la, Lucmane Delile.

Pou kèk enstitisyon dwa moun anndan peyi a, 2 komisè sa yo ta sanble yo te nan ti jwèt moun pa ki pa klè nan kritè kalifikatif gras prezidansyèl yo ki te kondwi chèf Deta nan erè.

Nap raple genyen plis pase 400 prizonye atravè peyi a ki arive benefisye gras prezidansyèl la. Sepandan, divès antite kritike prosès sa ki chaje ak vwa dlo kote ta sanble se yon veritab galimatcha: gen moun ki pa kalifye ki arive jwenn liberasyon yo, gen kriminèl ki te deja deyò men ki te figire pami sa yo ki jwenn benediksyon ak lòt ki komèt gwo tonton krim ke gras prezidansyèl pa kapab touche. Gen lòt moun ki estime ke se pa erè, se plan mèt dam gouvènman an menm pou te pase pami lafoul yon pakèt kriminèl ki dase kole avè l.

Anfen se yon veritab jwèt anba tab ki kondwi prezidan an nan erè e ki egzije leta retounen nan prizon sa yo ki deja gaye nan tout kwen peyi a.

Comments are closed.