Me 6 kalite gason ki ka arive pwan madanm ou onbyen mennaj ou nan men-w

0 546

(TRiboLAND) Mwen konnen osito ke nou li tit atik sa-a, li difisil pou ou pa gen kiryozite sou devlopman yon parèy atik. Antouka, si ou se yon nayif lap difisil pou ou enterese koutinye li. Sependan, si ou se yon moun ki avèti e ki konpwann vrèman lòt bò ki nan vi-a, lap enpòtan pou ou konnen teknik sa yo ki pafwa mete mariaj ou tèt anba.

  • Fo lidè espirityèl

Moun ki pi danjre nan pwan madanm moun se fo pastè oubyen lidè espirityèl! Pou kòmanse, yo toujou vle pote tèt yo kòm moun ki kapab yon konseye espirityèl pou madanm ou, yon fason pou montre-l kòman pou jwenn wout syèl-la. Touswit apwè, wap sezi wè kòman yo twomatize-l ak yon seri konvèsasyon tankou yon sèvant bondye pa dwe rete ak yon mari ki pa sen oubyen ki pa gen respè pou Bondye.

Apwè kèk mwa, ou pwal sezi wè oubyen tande ke se òm de Dye sa ke yo pwal kenbe kap gade oubyen foure men anba jip long sèvant ke yo toujou bay jwe gwo wòl nan legliz-la. Dòdinè yo rele yo “Fo Pastè” oubyen “Pastè à jupe”!

  • Sonny le “SupèSta”

Koulya ou genyen yon kategori madan marye ki toujou ap eseye genyen yon dezyèm aparans jenès lakay yo lè yo nan laj 40 tan konsa. Lè konsa, yo genyen yon pakèt jènn ti fi ki zanmi yo, gen sa ki kapab menm nan kolèj. Se petèt jènn ki toujou pwograme lè weekenn e ale nan ti anbyans mizik kote ke yo konnen twaka mizisyen nan lokal oubyen nan baz ke yo kanpe-a. Bwiskeman, yo konekte madanm sa ak yon supèsta mizisyen ki san dout pwal jwenn yon granmoun ki gen foli jènn moun okipe-l.

  • Sa ou wè-a, se pa li

Fè atansyon, dèyè yon bon zanmi fi toujou genyen yon twazyèm antite; antite sa-a trè souvan se yon gason. Teknik sa trè konni e li travay byen anpil; sepandan, anpil inosan (gason oubyen fanm) toujou pwan nan twa wa pèdam.

Matcho ki se yon bon zanmi oubyen kouzen bonjan zanmi madanm ou te deja byen bonè maten nan kay-la. Vwala, avèk tèt repoze, se ou menm ki depoze madanm ou lakay fi ki abitye fè cheve-l e ou panse ke se yon baz ki inikman fèt pou fi. Konsa, se bagay fi kap regle, ou depoze epwi wa tounen! Al kwè sa, se bagay Matcho kap regle, paske se baz li; se toujou nan baz sa Matcho toujou kase ti bwa nan zòrèy yo, pou montre yo kòman yo bèl pandan yap fè cheve e kade nan glas.

  • Doktè/Bòs travay kapab boske madanm ou

Bòs travay! Se nan domènn sa plis msye yo pèdi madanm oubyen mennaj yo pou nou pa di patnè nan biznis. Tout sa yo se sous ki pi danjre ki genyen, espesyalman lè yap devlope abitid travay ansanm ou byen egzekite lòd bòs-la ki toujou ap mande yon seri de ti sèvis ki pa gen anyen pou wè avèk deskwipsyon travay la. Konsa, atachman rapwoche sa, fè madanm lan tante e santi ke lap jwe wòl epouz.

Anplis, li toujou trè fasil pou bagay yo dejenere sitou lè madanm-la nan yon anvirònman li wè gen gwo tranzaksyon kap maniganse. Gwo Bòs Doktè kapab fasilman pwofite de tout sa, pou ofri ogmantasyon nan èdtan travay oubyen nan salè. Patnè bizbis menm se pa pale! Tout bagay dwe fèt ansanm; menm vwayaj ki nesesite yon pwezantasyon onivo biznis dafè kapab tou debouche sou yon afè! Avèk yon espwi ki pa pwe lakay, yon ti diven nan yon otèl avèk mizik klasik kapab fasilman degaje yon fòs atraksyon mari avèk madanm.

  • Ero Opòtinis

Lè yon fi pa reyèlman kontan nan mariaj li, li ekspoze a anpil menas opòtinis tankou: ansyen mennaj, jinekològ (gason), pedyat (gason), menm mennaj nan nivo kolèj gen dwa ap griyen dan sou ou! Lè konsa, madanm lan bliye tout sa ki te koz sa pat mache avan avèk moun sa yo; je fèmen li vle fè yon bagay ki lèd nan espwi pou fè mari-a peye sa.

Sa pap etonan si ou ta wè tanzantan Doktè pedyat-la ap rele pou mande kòman bebe-a ye. Se yon bon wout ki kapab fè-l rive “Latè Pwomiz”. E kèk fwa yon konn egzajere nan sante ti moun nan yon fason pou ranfòse sekans randevou medical yo. Tout sa yo se yon seri estrateji ki ka fè gwo enpak sou madanm nan ki pwal reyèlman wè nan doktè-a; yon papa ak tout yon moun ki sansib pou ti bebe-a.

Jinekològ (gason)! Se reyèlman yon gwo dout ki toujou pandye sou tèt yo! Ala verite, gen anpil nan gason sa yo ki onèt e respekte tèt yo ak lòt moun. Nan gwo peyi kap pwone dwa moun ak tout dwa ki genyen avèk respè kò ak espas yon moun, yon pwan sa oserye anpil. Genyen anpil moun ki arive pèdi lisans pwofesyonèl yo oubyen biznis yo nan vye pwatik sa yo. Trè souvan, doktè sa yo trè opòtinis e yo pwofite fè tou yon seri de dyagnostik ki fasilite yo fè yon seri entèvansyon palpab ki fasilman vire bouton sansyèl madanm nan.

  • Sizyèm lan senp men li danjre tou

Ou gen yon fanmiy ki byen reyisi! Bisnis ap byen mache e akawont bankè-ou ap vale teren. Madanm pa fè lòt bagay sinon ke fè pediki maniki; pèdi tan nan gade mèyè show television oubyen li tout kalite liv roman ki genyen sou tè-a. Anplis, rele chofè pasi pala; fè tout jounen nan magazen ak chofè-a ki pafwa konn sèvi yon mari kap pwan lòd nan men yon madanm. Ankò, enpak yon atachman ki sere kapab degaje yon efè satisfezan e ki kapab fasilite yon sediksyon iminan. Konsa, ou okipe nan fè vwayaj biznis; chofè ak tout gason lakou-a kapab arive jwe wòl mari pi byen ke ou, li evidan ke se yo ki pi rapwoche avèk ond sansyèl madanm nan.

Leave A Reply