Pouki sa li enpòtan pou ou pa lave cheve-w chak jou

0 711

TRiboLAND__Lave cheve-w chak jou se pi gwo tò ou ka fè tèt ou. Yon seri ekspè nan domènn kwafi tankou Pantene ak Barney Martin dekonseye yon moun lave cheve-l chak jou Bondye mete.

Mwen panse gen moun kap di, “Oh! Men mwen gen cheve gra”, men si sa ou toujou pa bezwen ap lave cheve-w chak jou. Antouka me yon lis diferan kalite cheve ki mande konbyen fwa cheve sa yo ta dwe lave. Sèl cheve ki pa oblije nan lis la, se cheve yon moun kap mouye pwèske chak jou akoz aktivite natasyon.

  • Cheve gra

Moun ki gen po ki gra toujou gen tandans pou yo genyen cheve gra tou. Si cheve-w ta tonbe nan kategori sa, se sèten ou pwal pans eke ou bezwen lave-l chak jou. Non, se pa vre! Okontrè cheve-w bezwen grès natirèl sa ladan-l. Sepandan, yon kantite ki twòp kapab kontrarye cheve-a. Konsa, nan ka sa, ou dwe shampoo cheve sa chak 2 jou e senpleman rense li ak dlo nan jou ou pa lave li ak shampoo-a.

  • Cheve ki boufi oubyen epè / cheve kèli ou kòde

Anpil moun ki gen cheve epè, chanse anpil! Paske, moun ki gen cheve boufi sa yo pa bezwen lave cheve yo sèlman chak 3 jou. Kalite cheve sa ou genyen an, pi eponje oubyen boufi, e li pa kapab seche fasil ni manke dlo lè ou lave-l twòp. Eseye rense li senpleman avèk dlo nan jou ou pa lave-l avèk shampoo yo e toujou itilize kondisyonè lè wap fè bon lavaj-la ak shampoo.

  • Cheve fen oubyen lejè

Menm jan ak chve ki gra, cheve fen e delika kapab lache lè yo ap lave, men sa pa vle di ou bezwen lave li chak jou Bondye mete. La ankò, lave li chak 2 jou se pi bon pwatik e ou kapab espre li avèk ti dlo chak jou yon fason pou diminye grès ki ladan-l.

  • Moun ki ap fè egzèsis onbyen najè

Bon! Gwo ekspè yon pa menm ankouraje moun kap fè egzèsis yo lave cheve yo chak jou Bondye mete. Yo menm tou, yo pa dwe tonbe ap lave cheve yo chak jou. Konsa, yo dwe eseye senpleman rense cheve-a ak dlo e ajoute yon ti degou shampoo ladan-l apwè egzèsis.

Sepandan, najè oubyen moun kap benyen nan pisenn tanzantan dwe lave cheve yo avèk shampoo yon fason pou retire tout tras dlo sèl ou klorinn (kloroks) ki nan cheve-a.

Leave A Reply