Gouvènnman pral dispoze 343 milyon goud pou travayè ki efekte nan sispansyon izinn tekstil yo

0 448

Pòtopwens___(TRiboLAND) Genyen plis pase 55 mil travayè kap travay nan endistri tekstil la nan peyi Dayiti. Majorite travayè sa yo ap fè fas ak kale wès touswit apwè desizyon gouvènman an pou fèmen izinn asanblaj yo yon fason pou anpeche kowonaviris la pran jarèt.

Se nan sans sa, sou kont tweetè li, Pwemye Minis Jouthe Joseph anonse lap travay pou wè kòman li kapab jwenn kichòy ou yon “mwatye salè sou baz konje pasyèl pou travayè” ki afekte anba sispansyon travay tekstil la kap dire jiska 3 Avwil 2020. Konsa, Leta Ayisyen ap gen pou debouse plis pase 343 milyon goud Lesko.

Mesye Joseph ki pat konnen kòman pou li ensiste davantaj, deklare ke travayè yo dwe rete lakay yo. Anplis ap venn rive yon moman kote ke yo pral redwi laj gwoup moun a yon kwoup de 10 sèlman.

Leave A Reply