Pòdepè Mobilizasyon: 7 Jenn gason jwenn arestasyon yo

0 402

PODEPÈ_(TRiboLAND) Nan kad mobilizasyon nan vil Pòdepè kont Prezidan Jovenel Moise, sòti Lendi pou rive ayè Mèkredi l9 Jwen 2019 sa-a, 7 jenn gason arète. Ansanm kawalisyon Òganizasyon ak ansanm Pati Politik ki mare sosis yo ak branch opozisyon Nódwès la “KOPNO” te rann 7 jenn gason sa yo vizit jounen Jedi 20 Jwen 2019 sa-a, nan Komisarya Pòdepè-a.

Kawalisyon an lonje dwèt jouda li sou Chèf Pakè Pòdepè a Me Bellamin Jean Volney, ki ta detèmine pou-l danse Petwo nan bay may e entimide popilasyon an yon mannyè pou etènn souf ak krase ren tout fòm moblizasyon kap mande demisyon Chèf Leta-an, Msye Jovenel Moise pou l sa mete-l ala dispozisyon Lajistis ak tout moun ki gen non yo tranpe nan rapò kousiperyèdèkont lan.

KOPNO deplore eta delabreman Komisarya Pòdepè-a ki te sibi gwo domaj pandan tranbleman tè Oktòb pase a e ki pa janm repare. Konsa, se yon Komisarya ki nan yon eta kokorat e ki gen yon figi 20 (ven) Jwen malè pandye ki pap epanye ni polisye, ni prizonye alòske swadizan dirijan yo gagote 4 milya dola US pou fè devlopman nan yon peyi kap plonje nan lanfè chak jou Bondye mete.

KOPNO deklare ke li pa danse kole ak kraze brize, men kanta pou mobilize, yap mobilize menmjan ak lòt vil pwovens yo, yap batay e kontinye bat tenèb jiskaske yo rive jwenn demisyon Jovenel Moise sou pouvwa-a. Anplis, mete anba kòd sila yo ki gen dwèt long ki tranpe nan kód Petwokaribe a.

Pótpawól KOPNO nan PODPE, Pierre Joseph,

Selon pótpawól ansanm Kawalisyon Òganizasyon ak Pati Politik Opozisyon an nan Nodwes, Msye Pierre Joseph, ki fè konnen fòk gen bon egzanp ki rive trase nan peyi Dayiti; savledi tout moun dwe konnen, lè yap dirije yon bwat Leta, yo dwe respekte lajan mouche Leta ki se pa kòb manman yo ak papa yo.

Wiskis Saint Jean, TRiboLAND

Leave A Reply