Lapolis nan depatman Nò peyi Dayiti kraze 2 gwo koure k’ap opere nan gang Renald Ensikoni.

05 – 19 – 2024
Pò-Mago, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon operasyon ajan UDMO Nò yo mennen nan bouk Pò-Mago, sòti nan lanwit 18 pou rive jounen dimanch 19 me 2024 la, yo rive voye al dòmi 2 gwo koure ki te achte bouk la lajan kontan.
Enfòmasyon responsab PNH Nò yo rive pataje ak sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, nan moman operasyon an chèf baz la ki se Renald Ensikoni, kouzen majistra Nelly Vilvert pat pran menm yon segond pou te mete van nan vwèl li.
Gang ame Renald Ensikoni ki espesyalize li nan brakaj zam, vòl men ame, kadejak, asosyasyon malfektè, poun site sa yo sèlman. Ajan UDMO Nò yo arive desann 2 bandi sansal nan kad boukantaj kout zam; sepandan, jiskoulya otorite yo pako anmezi pou founi bon jan enfòmasyon sou idantite bandi ki vwayaje yo.