Meksik: yon gwoudou gwoudou magnitid 7.1 voye omwens yon moun nan peyi san chapo

1,793

09/08/2021

Akapulko, Meksik______(TRiboLAND) Yon aktivite gwoudou gwoudou ki mezure 7.1 sou echèl Richter a sekwe  zòn sides peyi Meksik nan sware madi 7 septanm 2021 an, dapwè sa Centre national de sismologie rapòte.

Episant latè tranble a te localize a 11km sides Akapulko. Jiska pwezan genyen 3 replik ki anrejistre e pi gwo magnitid la se 5. Nan yon pwemye tan, otorite yo fè eta de yon moun ki mouri ak kèk dega materyèl.

Dapwè gouvènè vil la, moun ki mouri a ta genyen pou wè ak yon poto ki tonbe sou li nan munisipalite Covuca de Benitez, nan sides peyi Meksik.

kredi foto: Francisco Robles/AFP

Comments are closed.