Latòti: 2 moun mouri nan zònn Bastè anba atak gwoup chimè gang

0 438

Latòti__(Triboland) Zile Latòti ta sanble ap devlope aktivite chime gang nan dènye jou sa yo. Yon depòte ta sanble resevwa plisyè katouch de yon group chimè ki te rete ap tan li lòske li te soti chèche yon transfè nan Saint_Louis du Nord.

Temwen ta rapòte bay triboland victim nan ki se pitit yon sitwayen ki rele Mannvil, te soti gran tè ak lajan pou fè pewòl a dives travayè ki te sou yon santye lòske yon gwoup chime kit e genyen nan tèt li Celestin akonpanye bofis li te ouvri zam sou plizyè petit Mannvil yo. Konsa, youn nan gason Mannvil yo ta mouri ak plizyè katouch san konte yon lòt ki te fè pati gwoup chime-a ta mouri ak menm katouch patizan-l yo.

Touswit apwè dram sa, lotè krim nan te rete kèkal e mete van nan vwèl li ak tout fanmiy li nan yon chaloup nan dirèksyon gran tè, kidonk Saint-Louis du Nord. Kriminèl chape san oken rezistans sou yon zile ki pa jamè genyen depi kèktan prezans Leta ak Lapolis menm pou fè konsta moun ki mouri.

Nou eskize nou pou karaktè grafik video-a

Leave A Reply