19 Me 2019, Fèt Sen Yve, patwon tout avoka selebwe an granponp nan PÒDPÈ.

0 513

Ayè Dimanch 19 Me 2019 la, se te fèt tout Avoka nan lemonn antye. Nan Okasyon an, yon mès aksyon de gras te rive chante nan Katedral Pòdpè a, sou inisyativ avoka Pòdepè yo, maten Lendi 20 Me 2019 sa-a anprezans Dwayen Tribinal 1è enstans Pòdpè a, Me Yves Marie Périclès; Chèf pakè Pòdpè a; Me Jean Volney Bellamin, Sibtiti Komisè gouvènman; Kou dapèl Gonayiv yo, Me Yves Martial, Madam Anaise Fertil, Me Ronel Gélin ak Me Max Wilbert Josué ak Jij, majistra, ak avoka ki te soti nan tout zònn avwazinant yo.

Prèt selebran an,  Rev. Pè Rodolphe Balthazar, kire pawas Katedral Pòdpè a, apwè-l te finn fè etalaj sou Saint-Yves e mande pou tout avoka yo pran Pwèt Jij sal kòm modèl e plede anfavè òfelen ak moun demini yo.


Mès aksyon de gras alokazyon Fèt Sen Yve nan Katedral Pòdpè /20 Me 2019

Rev. Rodolphe te kontinye pou-l mande responsab yo pou ranfòse Lapolis ak Lajistis yon fason pou yo kapab jwenn bonjan mwayen aladispozisyon yo yon manyè pou yo kapab fè djòb yo kómsadwa. Selon kire pawas, li enposib pou yon moun konpwann bidjè Lapolis evalye a 2 milyon goud sèlman, yon bagay li estime ki revoltan ak entolerab, lè ou konsidere enòmite travay PNH la gen pou reyalize atravè tout peyi Dayiti.

Kanta Batonye lód avoka yo nan Pòdpè, Me Job Louis mande pou avoka yo pa sal tòj yo pwiske  pwofesyon avoka se yon pwofesyon nòb; li konseye yo pou pwatike lalwa kóm bousòl.

Wiskis Saint Jean, Triboland

Leave A Reply