JAMAIK: Mèyè kote pou moun fè biznis daprè JAMPRO

182
0
Share:
triboland

KENSTONN—(Triboland) Diane Edwads ki se prezidan JAMPRO (Corporation de Promotion pour JAMAIQUE, tap pale nan konferans anyèl Federasyon Travayè Jamaik-la nan Moon Palace Jamaica Grande Resort nan Ocho Rios Vandedi pase. Gwo chèf sa ki fè pwomosyon pou ajans envèsman pou peyi Jamaik, deklare Gouvènman an ap kontinye angaje-l nan fè refòm yon fason pou ranfòse abilitè konpetitiv yo e fè peyi lakay nou kòm yon tè ki kapab attire envestisman.

Chèf pwomotè-a te kontinye pou-l di ke yo deja ap egzekite yon pakèt gwo anbisyon ki kapab fè yo vinn klase nan ane kap vini la yo pami 10 premye peyi ki konn fè biznis. Klasman rapòt anyèl sou ekonomi yo, toujou baze sou kòman li fasil pou moun fè oubyen mete soupye yon biznis nan yon bat je. Sa pran an konsiderasyon lwa sou komès, dwa pwopryetè, egzekisyon kontra, lwa sou envestisman, aksè pou kredi, ak anpil lòt faktè.

Nan konferans 2019 Federasyon Travayè Jamaik-la, Jamaik klase kòm 75èm pami 190 peyi, pandan ke sa se yon diplis de senk pwen konparativman a ane 2018-la; sa esplike pwogrè ki fèt depi ane 2013 lè peyi rasta yo te klase kòm 91èm pami 185 peyi.

Konsa, Jamaik antèt nan Karaib-la kòm peyi kap byen pèfòme nan biznis ak pwomosyon envestisman e li klase tou pami 6 èm premye peyi nan Amerik Latinn nan ak rejyon Karaib-la. Sevre, se yon tipiti lil nou ye! Sependan, lè yon moun ap panse kòmanse yon biznis, Jamaik klase kòm 6 èm peyi nan monn lan ki ka fasilite sa trè rapid e san tèt fè mal! Se sa Edwards deklare.

Koulya, Bondye fè nou kapab mete sou pye yon biznis nan twa jou sèlman. Senk ane pase, nou te konn kòmanse yon biznis nan 31 jou. Se yon gwo akonplisman pou yon ti peyi tankou nou. E se sa ki fè nou moute byen wo konsa nan domènn envesman. “Se yon bagay ki fè nou fyè pou tèt nou”, Edwards te kontinye pou-l di.

credit photo: jamaicatradeandinvest.org

Share:

Leave a reply