Eske nou se sèl moun kap viv nan Univè?

0 313

(TRIBOLAND)__Anpil rechèch gentan fèt pou envèstigue si reyèlman genyen “lavi” nan lòt planèt yo. Genyen 2 vèso espasyàl ki rele Viking ki te ateri sou Mas nan lane 1976 ap chèche tras yon seri eleman ki fasilite lavi. Tou 2 aparèy aterisè sa yo te antrepwann yon seri experimantasyon biyolojik sou planèt rouj la. Anpil nan rezilta yo te bay anpil espwa, men yo pat definitiv. Sa pa gen lontan yon aterisè ki rele Phoenix te detekte sèl peklorate sou Mas. Sependan, kesyon mikwòb biyolojik sou Mas pa ko janm rezoud. Antouka, petèt dènye djip aterisè ki rele Curiositya kapab rive ak yon pi bon repons ki kapab reponn kesyon “lavi” nan lòt planèt yo.

Depi plizyè ane pase, pat gen anpil syantis ki te kwè ke genyen yon sòt “vi” pi lwen ke planèt Tè nou an. Pwendvi pwensipal-la se te arive kwè ke “Nou” antan ke umen, nou se sèl moun ki egziste nan lunivè e lavi se te yon eleman òganik ki pwodwi aksidantèlman ki te arive fèt pou sèlman yon fwa. Se yon èv Bondye, si ou ta vle kwè sa.

Koulya, baton-an chaje bout! Nouvo kwayans yo fè kwè ke kondisyon pou soutni lavi pa difisil pou kopye. Lavi sou latè baze sou 5 eleman: kabònn, oksijènn, hidwojènn, nitwojènn, avèk fosfò. Genyen anpil eleman sa yo ki egziste nan univè.

Astwonòt yo deja dekouvwi planèt ki kontoune lòt solèy oubyen lòt zetwàl. Sa pa gen lontan NASA anonse ke vèso espasyàl Kepler idantifye plizyè lòt planèt ki menm gwosè ak Latè ki an òbit parapò ak plizyè lòt zetwàl ki byen lwen. Kèk nan planèt sa yo ki nan yon distans egzak an relasyon ak pwòp solèy pa yo, ta sanble sipòte “lavi”.

Nan Galaxi pa nou an, ki rele Lavwa lakte genyen ant desan bilyon e katsan bilyon zetwàl. Dapwè estimasyon, genyen apepwè san jiska desan bilyon galaxi nan univè-a. Kidonk, selon pwobabilite, ta dwe genyen anpil posibilite “lavi” nan lòt zònn sa yo. Sependan, pwobabilite matematik yo pa bay prèv. Rechèch sou èt vivan ki supè entelijan (SETI) se non yon pwojè syantifik ke yon seri gwoup ap envèstigue ou tande son atravè transmisyon radyo ki plase nan lespas.

TriboScience

Leave A Reply