Gad Kòt Etazini rapatrye apepwè 33 Ayisyen e yo kraze bato-a

0 470

AYITI__(Triboland) Gad Kòt Etazini rapatrye apepwè 33 Ayisyen e yo kraze plat atè bato mote ki tap transpòte yo-a. Sa arive fèt nan kòmansman semen nan kote ke otorite siveyans dlo sale ameriken yo te mete lapat sou batiman motè sa ki chaje kouleba. Selon responsab yo ti batiman po pistach sa te genyen abò li 27 gason ak 6 fi; yo te entèsepte yo a 35 kilomèt zònn nòdis lil Latortue kote ke yo tap pwan dirèksyon eta Florid.

Spencer, youn nan bato Gad Kot ki byen ekipe yo tap fè diferan mannèv avèk bwas yon fason pou te arive poze la pat sou batiman an. Konsa, byen avan Spencer te rive sou batiman an, otorite yo te oblije a 100 mèt de distans rekupere apepwè 6 pakè marigwana ki tap flote sou dlo sale-a.

Antouka, selon rapò responsab Spencer yo, yo te arive jewnn 3 lòt pakè marigwana ak yon pakè amfetaminn abò bato ayisyen an.

Finalman ekipaj Spencer a ambake tout voyajè yo e yo detwi bato-a ke yo estime ki trè danjere pou navigasyon. Anpil moun obsève kantite moun kap riske vi yo pou kite peyi Dayiti reyèlman ogmante tèt nèg, sitou nan kòmansman ane 2019 la! Se pa ditou yon bagay mens!

Leave A Reply