Mouvman “Peyi Lock” rele chalbarik dèyè Jovenel: Men gen danje lè chat ap ede-w kouri dèyè chat parèy li

192
0
Share:

02-16-2019

Sa gen plizyè jou rwon kwon djondjon depi ke zak vyolans yo ak manifestasyon san pran souf pa sispan miltipliye nan kat kwen kadino peyi Dayiti. Pèp souvren ta sanble se pou tout bon li vle pou swiv jisko bou yon fason poukapote gouvènman Jovenel Moise la ke yo estime se yon dezas e yon katastwòf anplis ki ajoute a yon pil lòt katastwòf fo lidè repunyan, sanpidè, e tèt mato te deja lague peyi a. Yon lòt fwa ankò detèminasyon pèp ayisyen an fè moun reflechi; e li bay yon van lespwa ke mas defavorize yo resi wè ke se pou tout bon sèktè politisyen retadé, gran manjè ki mare sosis yo ak boujwa konpwadò mafia ki pa ayisyen an reyèlman vle disparèt Ayiti.

Nan okasyon bab e moustache sa a, nou swete wè ke se vrè pèp kap soufri a ki dwe pwan desten-l anmen e mete tèt li sou zepòl li pou li pa pwan nan tonton nwèl ak lidè, senatè, depute, jij, avoka, jounalis, diplomat Ayisyen, dirijan legliz, pwofesè ak militè kite deja kontribye nan vann ou byen detwi tout sa ki te reprezante valè oubyen riches peyi a.

Mobilize pou rekupere lajan PetwoKaribe a se youn nan pi gwo zo ki ka pèmèt pèp souvren fè dekabès. Konsa si fwa sa nou pa kite se chat ki kontinye ap ede nou kouri dèyè chat, se sèten ap gen anpil espwa pou Ayiti pwan yon lòt dirèksyon e konsa, lòt peyi ap sispann wè nou kòm pèp bàbà e kalifye nou kòm moun ki genyen pwoblem mantal.

Listwa montre tout fòm mouvman popilè pou chanjman anndan peyi Dayiti, pa janm fini anfavè pèp; atoufè politisyen san manman toujou fè yon fason pou yo fè dap piyanp sou mouvman mas yo epi devye vrè objektif fondamental la ki te kapab pote yon chanjman reyèl. Konsa, yo konsidere pèp sa kòm yon ti jwèt joujou a batri; yon gwoup moun ki pa avèti, yon gwoup moun ke yo ka sèlman itilize kòm bourik konte epi chwal galonnen.

Lap mande anpil sakrifis ak ladrès pou sosyete nou an konpwan monn lan konplètman chanje. Sèjousi, gen gwo efò ak priz konsyans kap pwan atravè lemonn yon fason pou fasilite gouvènabilite pou yon peyi vinn yon ti jan entèg e pwòp. Toupre nou la, nan Karaib la, gen yon seri ti zile kap senkant fwa pi byen pase ke nou onivo gouvènans piblik e yo fè prèv de moun tèt dwat nan fason yo fè pou sitwayen lakay yo viv tankou moun.

Sena Ayisyen

Kanòt la prèske chavire, twa ka kòruptè kòm toujou ap pozisyone yo yon fason pou yo kapab kontinye bay statukwo a jarèt. Ti klik kap travay fidèlman avèk zòt pou detwi espès ki rele Ayisyen an. Yo tou pwisan; yo gen iminite; yo fè lwa anndan peyi a; yo okupe tout enstitisyon e kraze yo plat; yo vann mikwo nan kreye espas pou malfwa vinn lidè supèsta; yo asasine moràlman tout kàd pwofesyonèl nan peyi a; yo enjekte zàm, dwòg ak vye aktivite enpòte pou fini ak tou sa nou posede kòm karaktè; san nou pa pale onivo edukasyon avèk yon seri asistans alimantè enpwazone kap antre nan peyi a sou fòm donasyon. Wi! Genyen yon ajanda pou detwi Ayiti sou plas! Li konte fèt avèk pwòp konplisite konze ak malad mantal pitit tè Desalinn nan.

Devan tout kalamite sayo, fòk genyen gwo sakrifis avèk yon jenès ki avèti yon fason pou pwan ba direksyon peyi sa an men. Si genyen PetwoKaribe fòk nou kontinye travay la ak Retwo Petwo, ki donk pou swiv devan tribunal entènasyonal tout lidè ak politisyen inyoran ki prive pèp sa tout lòt bagay ke yo ka wè sèlman nan lòt peyi. Wi se yon krim kont limanite lè ou redwi yon pèp nan yon eta povwete absolu! Dayè lidè nou yo fè peyi a chanpyon nan povwete atravè tout monn lan. Li difisil pou nou konpwann yon pakèt ansyen prezidan, yon pakèt depite ak senatè, san konte ansyen minis ki ta dwe jounnen jodi-a dèyè baro se yo ki toujou ap pozisyone yo pou devye règ jwèt la etènèlman nan avantaj yo. Wi! Pouvwa kòronpi Jovenel la dwe mache pos li e dwe imedyatman ale nan men yon jistis ki pwòp e onèt; men travay la tap pi bèl si nou asèpte fè RetroPetro yon fason pou debarase peyi a de yon seri kansè kap fè krim e anmenmtan kap ede nou kouri dèyè kriminèl. Aprè mouvman “Peyi Lock” la ta dwe genyen “PeyiCleanup” yon fason pou ankete sou yon pakèt krim ou kòripsyon ki fèt depi sou govènman Jean B. Aristide yo jiska Jovenel Moise.

Nou pa ka pwan chans ak yon seri rat do kale san konsyans ki, nan tout pakou politik yo ap fè bè. Anpil malad mantal sa  yo bay kè plen e reyèlman pa gen ase abilite pou develope yon katye kominotè poum pa ta di genyen yon visyon global de sa ki rele “PEYI”. Anplis, se yo ki mete nou nan sa nou ye la pandan plizyè deseni. Yo reprezante yon kansè, yon wont, yon pwazon kap fini ak peyi a sitou onivo entènasyonal. Yo ipoteke sèvo yo ak blan an, yo vann an detay karaktè yo, yo pwan pòz ènmi blan an pandan yap ofri menm blan sa a riches peyi a ki près ke chèch, yo vann dinyite sitwayen peyi a pandan yap fè tout sa yo kapab poukontinye genbe mass pèp la nan labou santi, san enfrastrikti medikal, sanelèktrisite, san sèvis sanitè, san travay, san agwikilti, san manje, san sèvissosyàl, e san edikasyon. Okontrè yo prefere envesti nan tout bagay sayo nan lòt peyi!

Se yon mafia san pidè ki mare sosis yo ak gwo zouzoun peyi etranje yon fason pou disparèt Ayiti anba zye lemon. Jenès Vanyan Ayiti! Tanpri pa kite yo hijack ou byen devye mouvman sa a fwa sa! Pwofite chanje ekwasyon an yon wa pou tout! Se yon sistèm ki rive nan bout li, men sa mande anpil gwo sakrifis ke nou pa ka imajine! Men ki dèyè mouvman ki genbe Ayiti nan gòj la depi nesans, li reyèlman toupwisan anpil e yo itilize pwòp pitit tè a menm pou detwi nou. Sepandan, antan ke jènn nou gen ase vigè pou anpeche yo, tout otan nou ka rann lavi yo ensipòtab nan tout kalite mwayen. Genbe djanm! Kontinye veye chat yo pandan chat yo ap pwan pòz ede-w kouri dèyè chat parèy yo. Si Sengapou, Kore diSid, Wandae anpil lòt peyi te fèl nou menm tou ka fèl!

Jacob Bendallam, Triboland

Share:

Leave a reply