Traktasyon ou pa! Twoup salvadoryen yo genyen pou rete sou tèritwa ayisyen an pou yon lane

11/27/2026
Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon deklarasyon ke li fè sòti, Sekretè Kominikasyon gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a Lucien Jura fè, twoup peyi Salvadò yo ki sou tèritwa ayisyen an, ap genyen pou kite peyi Dayiti nan mwa Oktòb 2027.
Jura esplike ke peryòd sa te detèmine atravè yon rezolisyon papye tenbre ki te sòti nan dènye Konsèy ministeryèl la. Pi lwen, Jura rabat pou li di ke se yon desizyon ki baze sou angajman ki te pran ant Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak pwezidan salvadoryen an, Nayib Bukele ak palman peyi Salvadò a nan moman yon seri diskisyon.
Kidonk, otorizasyon pou solda salvadoryen yo layite e pouswiv gang anndan peyi Dayiti, pa genyen dout nan sa; alòske plizyè òganizasyon entènasyonal pa sispann kreye yon seri artifis traktasyon, tankou Amnesty International e Union Européenne swadizan ki ekspwime pweokipasyon yo sou fason twoup salvadò yo ap opere anndan peyi Dayiti.






