Pòdpè : Ansyen premye dam lan, Martine Moise ap genyen gwo chita tande ak kominote politik la demen jedi 26 novanm 2026 la

11 – 25 – 2026
Kap Ayisyen, Ayiti ____ (TRiboLAND) Ansyen pwemyè Dam lan, Martine Moise debake nan ayewopò Entèmasyonal Kap Ayisyen an, jodi mèkredi 25 novanm 2026 an chango anba foul sekirite. Selon kominote medyatik la nan Nò peyi a, prezans madanm defen an te atire yon plizyè dizèn patizan ak senpatizan ki te vinn resevwa li nan lizyè aksesib ayewopò a.
Matine nan toune li anndan peyi a, ap genyen pou fè aparisyon li demen jedi 26 novanm 2026 la nan Nòdwès peyi a, kote ke li pral genyen bon jan chita grese sere avèk yon seri òganizasyon debaz nan kad diskisyon pou mete anplas jalon, estrikti grese sere ak plan estrateji pou pwochèn eleksyon yo.
Anpil patizan ak senpatizan zanmi, fanmiy ak tou avangatis jovenelis ki rete kwè ke elektora depatman Nòdwès la pa chwàl papa, rejwen ansyen dam lan, Martin Moise nan yon gwo chita tante demen maten jedi 26 novanm lan, nan ansyen Baz Minusta ki nan vil Pòdpè.






